Pou, Gal ak Gratèl ap Trakase Timoun Palestinyen yo nan Gaza

Timoun sa a, ki rele Sham al-Hessi gen yon maladi po e ko li kouvri ak yon krem pou trete maladi a. Lap viv nan kan refije Deir al-Balah a nan mitan Gaza, 29 Jiye, 2024.

Maladi po finn tounen yon epidemi nan Gaza, dapre sa responsab la sante yo di, akoz kondisyon epouvantab ki egziste nan kan refije yo kote plizyè santèn milye Palestinyen ki oblije kouri kite kay yo ap viv.

Palestinyen yo di yo pa gen savon pou netwaye kò yo. Timoun yo paka benyen komsadwa, epi yo paka lave rad yo nan moman gen gwo chalè.

Sistèm asenisman an kraze nèt akoz bonbadman ak ofansiv Izrayèl yo, LONU rapòte.

Oganizasyon Mondyal Sante a rapòte gen plis pase 160,000 ka pou, gal ak gratèl ke yo anrejistre.

Gen yon lopital kote doktè yo rapòte plizyè santèn maladi po chak jou. Viktim yo se timoun ki kouvri ak tach, bouton ak blesi ki taka deteryore pou koze enfeksyon.