Biden ap Bay Yon Konferans Pou Laprès pou Klotire Somè LOTAN an

Prezidan Joe Biden chita pandan Sekrete d Eta Antony Blinken (a goch) suiv, nan kad rankont o some LOTAN an nan Washington, 11 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden ap bay yon konferans pou laprès nan fen rankont o somè LOTAN an ki se yon nouvo opòtinite pou l pwouve pou pèp Ameriken an ke li gen kapasite pou l ranpli fonksyon prezidan an pandan 4 an ankò. Kestyon sa a soulve gwo pale anpil Ozetazini epi mete an dout avni prezidans li.

Dapre analis politik yo, Biden pa tèlman fò nan metrize moman retorik. Tantativ li fè resaman pou soulaje kè sote moun genyen pa rapò ak kapasite mantal ak fizik li pou l kontinye fè travay prezidans la egzije pat adekwa.

Prezidan Biden pral klotire somè LOTAN an nan Washington Jedi ak yon konferans pou laprès ke lap bay poukont li. Se yon bagay ki ra.

Biden ap goumen pou jere panik nan mitan Pati Demokrat la pa rapò ak chans li genyen pou l ranpòte eleksyon an nan mwad Novanm nan.