Accessibility links

Breaking News

Plizyè Palmantè Demokrat di yo Toujou Apiye Biden


Depite Demokrat Nancy Pelosi, prezidan emerita Lachanm, pati kite katye jeneral pati Nasyonal Demokrat la, 9 Jiye, 2024.
Depite Demokrat Nancy Pelosi, prezidan emerita Lachanm, pati kite katye jeneral pati Nasyonal Demokrat la, 9 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden kanpe fèm kont apèl moun ap lanse pou l kite tonbe kanpay pou re-eli Prezidan. Biden mande pou mete fen nan dram kap dewoule nan pati Demokrat la e ki boulvèse yo apre move pèfomans li nan deba kont Donald Trump la.

Gen kèk palmantè kle ki eksprime sipo pou Biden rete nan kous prezidansyèl 2024 la, tandiske lot sanble yo paka deside kijan pou pouse pou pi devan.

Senatè Richard Blumenthal reprezante eta Connecticut nan Sena Etazini.

"Mwen tande kè sote kolèg yo. M kwè prezidan an ta dwe fè fas ak yo epi sak pi enpotan franchman reponn kè sote moun toupatou nan peyi a soulve. Men m kwè lap adrese kè sote yo ak anpil enèji yon fason efikas e fok li kontinye esplike pèp Ameriken an pou li ka jwenn sipo yo."

Jounalis: Eske oumenm ou gen kè sote pa rapo ak kapasite mantal li pou fè travay prezidan an?

"Dapre sa m wè de Prezidan Biden - e mwen te avèl nan Normandy pou 80èm anivèsè D-Day se ke eta d'espri a fo tout tan. E m kwè antanke komandan an chèf li kontinye fè bonb bagay ak menm kalite konesans efikas ke li pote nan pos sa a pandan 3 zan edmi ki pase yo."

Senatè Dick Durbin limenm ki reprezante eta Ilinwa di balon an nan pye prezidan an kounyea.

" M ta di prezidan an balon an nna pye w. Montre nou atravè kanpay ou ke ou ka bat Donald Trump yon fason efikas. Montre nou ke w se yon bon kandida, e m kwè se sal ye e sa nou te wè sware deba a se pa tipik de sa nou pral wè nan lavni."

Gen lot senatè tankou Sherrod Brown (Ohio) ki pat vle reponn kestyon jounalis yo sou eta sante prezidan an ak chans pou l re-eli.

Pandansetan, depite Lachanm yo sanble apiye Biden. Yo te rankontre dèyè pot fèmen Madi maten nan katye jeneral Komite Nasyonal pati Demokrat la ki sitye tou pre Capitol la.

Plizyè pami yo di yo rasire ak plan prezidan an.

Maxwell Frost reprezante Florid nan Lachanm.

" Gen moun ki di li pa soti depi deba a. Manti - li soti. Videyo mwen gade de moun kap fè kanpay se Biden. Pa lot bo a, m wè Donald Trump chita sou kabwèt golf li pandan lap derespekte moun. Mwen rasire pa plan kanpay la. Yap depanse $50 milyon pou achte reklam nan eta chan d batay yo. E li pral pran lari pou pale sou pwojè 2025 la ak sijè ki enterese moun."

Rankont la dewoule nan moman Biden ap mennen jefo pou l pran tèt elektè yo, Demokrat yo ak donatè yo ke li ka fè djob prezidans la.

Sepandan li toujou fè fas ak doub bo kote kèk ansyen alye.

Gen 6 Depite Demokrat Lachanm ki mande piblikman pou Biden lage pye l tandiske gen lot ki koze an prive avèl pou ankouraje l bay le gen. Gen kèk donatè wo pwofil tou ki soulve kè sote pa rapo ak kandidati li.

Mike Quigley reprezante eta Illinois nan Lachanm.

"Ou konnen lespri vanyan ak fyète epi kouraj ki te sèvi peyi a tèlman byen sa gen 4 an te ede Biden genyen eleksyon an. Men se konsa li pral echwe fwa sa a. Fok li bay vag. Li paka genyen. E kolèg mwen yo dwe rekonèt sa. Lèt li voye ba nou an pap chaje okenn lide."

Lamezonblanch espere montre Demokrat ki poko deside ke Biden toujou gen sak nesesè pou l kontinye kom pezidan Etazini.

Yap planifye rankont o somè, chita tande sou kote ak lidè yo, dine diplomatik ak resepsyon manch long, epi yon konferans pou laprès pou klotire somè LOTAN an.

XS
SM
MD
LG