Accessibility links

Breaking News

Biden ap Travay pou Sove Kanpay pou Re-Eli Prezidan ak yon Vizit nan eta Wisconsin, epi Entèvyou Televize


Prezidan Joe Biden salye foul la anvan spektak fe datifis pou komemore Fet Endepandans Etazini, 4 Jiye, 2024.
Prezidan Joe Biden salye foul la anvan spektak fe datifis pou komemore Fet Endepandans Etazini, 4 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden ap tanmen yon etap enpòtan nan kad jefò lap mennen pou sove kanpay re-eleksyon li ki an danje.

Gen moun ki di Biden gen kèk jou selman pou l konvenk pèp Ameriken an ke li anfòm ase pou l fè travay prezidans la mande, anvan apui Demokrat yo konplètman evapore apre move pèfòmans li nan deba a kont Donald Trump.

Deja gen kèk moun ki kontribye anpil lajan nan kanpay li ki swa poko bay okenn kontribisyon pou kounyea, oswa yo anile maraton yo te gen entansyon fè pou kotize lajan pou kanpay la.

Biden limenm admèt pandan yon rankont ak gouvènè Demokrat yo ke li bezwen domi plis epi limite evenman kap dewoule ta lanuit pou li ka anfòm pou fè travay li.

Pandan yon babekyou li te oganize nan Lamezonblanch pou selebre 4 Jiyè ak fanmi milite Ameriken yo Biden te di li "papral okenn kote."

Misye pral mennen kanpay nan eta Wisconsin jodi Vandredi a epi chita ak jounalis ABC George Stephanopoulos pou yon entevyou ke rezo televizyon an va difize aswè a nan le kote plis telespektatè ap gade.

XS
SM
MD
LG