Accessibility links

Breaking News

Trump Reprann Kanpay li, Pandan Biden Kanpe Fèm Sou Desizyon Pou l Pa Kite Kous La


FILE PHOTO: First 2024 presidential debate in Atlanta
FILE PHOTO: First 2024 presidential debate in Atlanta

WASHINGTON (AP) — Ansyen Prezidan Donald Trump reprann kanpay li sou teren gòlf prensipal li genyen nan Miami, pandan prezidan Demokrat la ap fè fas ak gwo presyon ak apèl nan pati li pou l vag sou jefo pou l re-eli pou yon lòt manda.

Depi move pèfòmans li deba prezidansyèl la fas ak Trump, Demokrat yo te lite pou konnen si Biden ki kounya gen 81-zan, ta dwe kontinye kòm kandida pati a.

Pandan Demokrat kongrè a te gen kè sote, yo te retounen Washington pou pran yon desisyon pou yo konnen si yo ta dwe travay pou re-bay kanpay Biden nan vi oswa eseye konvenk prezidan an pou l bay vag.

Biden Lendi te kanpe fèm kont apèl pou l abandone kous la.

Nan seri dram politik entans sa yo, lidè Òganizasyon Trete Nò Atlantik la ap "pull up" Washington DC pou yon somè ki make 75yèm anivese òganizasyon an.

Konsantrasyon prensipal somè a se pou lidè Òganizasyon Trete Nò Atlantik yo ranfòse sipò pou Ikrèn nan batay li ap menen kont Larisi, men pou Biden somè a te vin menm jan an sou demontre li kapab satisfè demann yo pile nan prezidans lan pou kat ane ankò.

XS
SM
MD
LG