Accessibility links

Breaking News

Biden Mete Aksan sou Sipò Etazini pou LOTAN


Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou a l okazyon 75e anivese LOTAN nan Washington, 9 Jiye, 2024.
Prezidan Joe Biden pwononse yon diskou a l okazyon 75e anivese LOTAN nan Washington, 9 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden akeyi lidè LOTAN yo nan Washington yon fason chalere. Biden selebre pozisyon inifye alyans transatlantik la pran kont Larisi nan agresyon li kont Ikrèn epi mete aksan sou angajman fèm Lèzetazini pran vizavi alyans la anba administasyon li an.

Biden deklare: "Jodia LOTAN pi puisan ke jame -nou gen 32 peyi manm."

Se yon mesaj ki te sanble vize patizan Demokrat li yo an menm tan ke alye LOTAN yo kap fè fas ak posibilite pou Donald Trump ta reprann foutèy boure a. Trump eksprime anpil dout sou LOTAN.

Rankont o somè LOTAN an ap dewoule nan moman Biden ap pase yon moman difisil. Plizyè palmantè Demokrat deklare piblikman ke li ta dwe lage pye l, gen lòt palmantè ki pale avè l an prive pou ankouraje li vag sou kandidati li pou yon lòt manda, epi plizyè donatè wo pwofil soulve kè sote yo genyen pa rapò ak si wi ou non li ka kale Trump nan eleksyon an.

XS
SM
MD
LG