Accessibility links

Breaking News

LOTAN Siyen yon Kontra $700 Milyon pou Misil Stringer


Moun pase devan Bilding Eisenhower a ki bo kote Lamezonblanch kote drapo Etazini ak LOTAN kot-a-kot, 9 Jiye, 2024.
Moun pase devan Bilding Eisenhower a ki bo kote Lamezonblanch kote drapo Etazini ak LOTAN kot-a-kot, 9 Jiye, 2024.

LOTAN (Oganizasyon Trete Atlantik Nò a) siyen yon kontra ki vo prèske $700 milyon pou peyi manm yo ka pwodui plis misil Stinger.

Se youn pami plizyè mezi alyans la ap pwomouvwa pandan rankont o somè li a nan Washington, pou ankouraje chak peyi ogmante pwòp pwodiksyon zam pa li.

Sekrete Jeneral LOTAN Jens Stoltenberg pale pandan yon rankont ak Sekrete d Eta Antony Blinken, 9 Jiye, 2024.
Sekrete Jeneral LOTAN Jens Stoltenberg pale pandan yon rankont ak Sekrete d Eta Antony Blinken, 9 Jiye, 2024.

Sekretè Jeneral sotan LOTAN, Jens Stoltenberg anonse nouvèl la Madi a l okazyon jounen endistri Chanm Komès la.

Li deklare: 'Pa gen okenn mwayen pou genyen yon sistèm defans ki fò san yon endistri defans ki fò."

Stinger se yon sistèm defans misil pòtab sifas-a-lè ke twoup yo ka pote oswa lanse depi yon machin epi sèvi pou desann avyon a kout pòte. Se youn pami premye zam Etazini te voye bay Ikrèn apre envazyon Larisi a.

XS
SM
MD
LG