Accessibility links

Breaking News

Donald Trump ap Chache Sipò Nwa yo ak Panyòl yo


Foto Achiv: Kandida a la prezidans Repibliken - ex-Prezidan Donald Trump nan Edinburg, Texas, 19 Nov. 2023.
Foto Achiv: Kandida a la prezidans Repibliken - ex-Prezidan Donald Trump nan Edinburg, Texas, 19 Nov. 2023.

Nan moman li pare pou l aksepte nominasyon pati Repibliken an kòm kandida a la prezidans li pou 3e fwa, Donald Trump pwomet pou l elaji kowalisyon li an epi an patikilye ranmase plis elektè ki pa blan. Gwoup minorite yo te rejte li pou pi fò nan eleksyon 2020 an.

Sepandan yon analiz Associated Press fè de 2 sondaj opinyon ke AP fè ansanm ak Sant Rechèch Zafè Piblik NORC la te endike nan mwad Jyen an ke apepre 7 sou 10 nwa Ameriken pa gen bon opinyon de Trump - epi mwatye Ispano Ameriken pa renmen misye.

Tandiske tou le 2 gwoup yo wè Trump yon fason pi favorab kounyea, konparativman ak lè li te kite pouvwa a an 2021, opinyon yo pi negatif ke pozitif pou pi fò.

XS
SM
MD
LG