Deba Biden-Trump la Atire 48 Milyon Telespektatè

Gen apepre 48 milyon moun ki gade deba televize prezidansyel la kote Prezidan Joe Biden te fè fas ak rival Repibliken li an, ex-Prezidan Donald Trump. Se sa done preliminè konpayi Neilsen ranmase endike.

Bilan sa a sigjere odyans final la ap 1/3 mwens pase 73 milyon moun ki te gade deba kandida yo nan ane 2020. Sa reprezante tou twazyèm deba prezidansyel ki mwen popile pami Ameriken yo depi ane 1976.

Chif sa a ke analis yo konsidere kom ba konparativman ak lot eleksyon, taka endike elektè yo pa chofe pou okenn nan kandida yo.

Analiz Neilsen nan pa enklu tout moun ki te suiv sou entènèt la, ki se yon bagay ki vinn popilè anpil Ozetazini - kote gen mwens moun ki renmen chita devan ekran televizyon pou suiv pwogram.