Accessibility links

Breaking News

Biden, Trump Fè Plizye Fo Pa ak Erè nan Kòmansman Deba a


Prezidan Joe Biden, a dwat, ak kandida a la prezidans Repibliken an, ansyen Prezidan Donald Trump, a goch, patisipe nan yon deba ke CNN oganize nan Atlanta, 27 Jyen 2024.
Prezidan Joe Biden, a dwat, ak kandida a la prezidans Repibliken an, ansyen Prezidan Donald Trump, a goch, patisipe nan yon deba ke CNN oganize nan Atlanta, 27 Jyen 2024.

Ni Joe Biden, ni Donald Trump fè plizyè erè ak fo pa nan moman deba yo te tanmen Jedi.

Biden tanmen deba a ak yon gaf kote li di li kreye 15,000 djòb. Vre chif la se plis pase 15 milyon, yon kont randi ki dramatikman pi ba pou yon moun kap chache renouvle konfyans elektè yo nan lidèship ekonomik li.

Biden di tou: "Se $15 pou chak piki ensulin, olye de $400". Men piki ensulin koute granmoun Ameriken ki benefisye de Medicare $35 nan lwa ki rele 2022 Inflation Reduction Act (Lwa 2022 sou Rediksyon Enflasyon) ke Biden siyen pou fè l tounen yon lwa. Pri maksimom nan antre an aplikasyon ane pase a, lè konpayi famasetik yo te anonse yo tapral bese pri medikaman yo a $35 pou pi fò moun ki gen asirans prive.

Trump limenm di ekonomi Etazini te pare pou komanse peye epi redui dèt nasyonal la anvan pandemi a. Se pa vre. Defisi bidjetè yo tap ogmante anba gouvènman Trump paske rediksyon enpo li te adopte an 2017 yo pat antre okenn lajan pou leta, jan li te pwomèt sa tapral rive. Trump te eritye yon defisi bidjetè $585 milya e li te ogmante a $984 milya an 2019, apre sa li te rive $3 trilyon an 2020 apre pandemi a te frape Etazini, dapre sa biwo Jestyon ak Bidjè Lamezonblanch rapòte.

Epi deklarasyon Trump fè pou di "plizyè milyon" te jwenn pèmisyon pou antre nan peyi a soti depi prizon ak sant pou moun fou se yon deklarasyon san fondman. Pa gen okenn prèv ki montre sa.

XS
SM
MD
LG