Accessibility links

Breaking News

Pi Fò Ameriken Gen Entansyon Gade Deba Biden-Trump la


Yon siy ki di an angle "deba prezidansyel" nan sant medya CNN nan nan Atlanta, Joji, 25 Jyen 2024.
Yon siy ki di an angle "deba prezidansyel" nan sant medya CNN nan nan Atlanta, Joji, 25 Jyen 2024.

Yon nouvo sondaj jwenn ke pi fò adilt Ameriken gen entansyon gade oubyen koute yon pati nan deba prezidansyèl kap fèt jodi Jedi a.

Sondaj la, ke Associated Press fè ansanm ak Sant NORC pou Rechèch sou Zafè Piblik jwenn ke prezidan Demokrat la ak prezime kandida prezidansyèl Repibliken an pa popilè ditou nan moman yap pare pou yo twoke kònn yo pou premye fwa depi 2020.

Prèske 6 sou 10 adilt di li "ekstrèman" oswa "trè" posib pou yo gade deba televize a, oubyen li atik sou li oubyen koute kòmantè sou deba a ki pral dewoule nan stidyo rezo televizyon CNN nan Atlanta.

XS
SM
MD
LG