Accessibility links

Breaking News

Biden ak Trump Fas-a-Fas nan Deba Prezidansyèl CNN nan


Biden Trump First Debate
Biden Trump First Debate

Prezidan Joe Biden ak kandida prezidansyèl Repibliken an, ansyen Prezidan Donald Trump ap patisipe nan yon deba televize kap dire 90 minit. Se rezo televizyon CNN kap difize deba sila a depi vil Atlanta, eta Jòji.

Deba a pral fè listwa paske se premye fwa yon prezidan aktyèl ap fè fas ak yon ansyen prezidan.

Election 2024 Debate CNN
Election 2024 Debate CNN

CNN di deba a ke jounalis Jake Tapper ak Dana Bash pral modere, pral dewoule nan stidyo CNN nan Atlanta san prezans okenn spektatè.

Yo pral etenn mikwo kandida yo eksepte pou moun ki gen la pawòl.

Chak kandida ap gen 2 minit pou l fè yon dènye komantè men okenn nan yo pap ka fè yon deklarasyon nan ouvèti deba a.

Deba a ap enkli 2 poz pou piblisite, e chak pral dire 3 minit edmi. Pandan poz sa yo anplwaye kanpay yo pa gen dwa koze ak kandida yo.


*Ou kapab fe YouTube tradui vesyon Angle a nan lang Franse oubyen Kreyòl. Tcheke reglaj la

** Tcheke live blog nou pou kont randi gran pwen deba a

XS
SM
MD
LG