Accessibility links

Breaking News

Biden, Trump Rive Atlanta pou yon Deba ki Taka Chanje Trajektwa Kanpay 2024 la


Foto Achiv: Donald Trump ak Joe Biden
Foto Achiv: Donald Trump ak Joe Biden

Prezidan Joe Biden salye plizyè douzèn patizan ki te kanpe devan otèl li nan vil Atlanta anvan premye deba li.

Biden Salye Sipòtè li yo nan Atlanta
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:46 0:00

Ni Biden ni rival Repibliken li, Donald Trump, espere deba a pral bay kanpay yo yon bourad paske gen anpil elektè ki pral suiv li.

Deba Jedi a ofri opòtinite san parèy pou tou le 2 kandida yo eseye chanje konvèsasyon politik la.

Pou prezidan Demokrat la, deba a ba li yon opòtinite pou rasire elektè yo ke a laj de 81 an li toujou kapab gide Etazini pandan peyi a ap fè fas ak divès defi.

Pandansetan Trump, ki gen 78 an taka pwofite moman sa a pou l mete sou kote kondanasyon pou krim federal li sot resevwa nan yon tribinal nan Nouyòk.

XS
SM
MD
LG