Alye Demokrat Biden yo Admèt Misye Pa Byen Pèfome nan Deba a

Prezidan Joe Biden pran la pawol pandan yon deba prezidansyel ke CNN oganize kont kandida prezidansyel Repibliken ex-Prezidan Donald Trump nan Atlanta, 27 Jyen 2024.

Prezidan Joe Biden ap eseye soulaje kè sote Demokrat yo genyen pa rapo ak pèfomans fèb li nan deba ak ansyen Prezidan Donald Trump kote li te sanble li pa si de tèt li.

Palmantè Demokrat yo eksprime anpil kè sote men pou kounyea yo toujou apiye l.

BIden ak Trump ap pase jounen Vandredi a ap mennen kanpay pou ranmase plis patizan nan eta kote yo te echwe sa gen 4 an desa.

Deba Jedi a sanble ranfose gwo kè sote piblik la genyen pa rapo ak tou le 2 mesye yo devan petèt pi gwo odyans yap janm genyen anvan eleksyon Novanm nan.

Biden te pale ak ezitasyon epi depale pa fwa, sa ki lakoz anpil anksyete menm pami manm pati Demokrat la.

Atak Trump yo kont kritik li yo epi manti li bay sou politik Etazini te raple telespektatè yo de tibilans ki te egziste chak jou lè l te prezidan.