Ministè Sante Gaza di Omwens 274 Palestinyen Mouri nan Operasyon pou Libere 4 Otaj Izrayelyen

Foto Achiv: Almog Meir, 22 zan ke Hamas te kidnape an Izrayel 7 Oktob 2023, leve men li anle apre elikopte mennen li nan sant medikal Sheba a nan Ramat Gan, Izrayel, Samdi 8 Jyen 2024.

Ministè Sante Piblik Gaza a di gen omwens 274 Palestinyen - pami yo dv douzèn timoun ki mouri nan frap ayeryen ak operasyon terès lame Izrayelyèn nan lanse pou sove 4 otaj Hamas te kenbe.

Ministè a di yon afè 700 lot moun blese.

Operasyon Samdi a sete pi gwo operasyon Izrayèl lanse pou sove otaj yo depi 7 Oktob lè militan Hamas yo te atake Izrayèl epi touye 1,200 moun. Yo te pran 250 lot an otaj.

Kokenn chen ofansiv Izrayèl la pou reponn atak 7 Oktob Hamas la lakoz plis pase 36,700 Palestinyen pèdi lavi yo dapre responsab sante piblik yo.

Kominote entènasyonal la ap mete anpil presyon sou Izrayèl pou l limite kantite viktim sivil yo.

Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken pral tounen nan Mwayèn Oryan an semèn sa a kote lap chache ankouraje pati nan konfli a antann yo sou yon seselfe.