Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Atake Gaza Ak Frap Aeryen

Smoke billows following Israeli strikes on eastern Deir al-Balah in the central Gaza Strip on June 5, 2024, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian militant group Hamas. (Photo by Bashar TALEB / AFP)

Lame Izrayèl la touche pati sant Gaza ak frap aeryen nan moman li anonse koumansman « aktivite kote li ap chwazi sa li vle frape » nan 2 zonn jodi mèkredi a.

Lame a fè konnen li ap atake « zonn ki gen teworis, pami yo enstalasyon militè, depo zam ak enfrastrikti souteren » nan Deir al-Balah ak Bureij.

Rezidan nan zonn sa yo rapòte gwo bonbadman pandan tout lannwit yè swa.

Lame Izrayèl la di tou li te kontinye ap batay nan vil Rafah nan sid Gaza.

Prezidan Etazini Joe Biden, ki ap lanse plis kritik sou jan Izrayèl ap mennen lagè kont militan Hamas yo nan Gaza, ak bilan ki ap ogmante sou kantite Palestinyen ki mouri, di nan yon entèvyou ki pase madi a ke gen « tout rezon » pou moun kwè ke Netanyahu trennen pye li fè konfli a dire pou li ka siviv nan politik peyi a.

XS
SM
MD
LG