Accessibility links

Breaking News

Macron di Netanyahu Se Otorite Palestinyen Ki Dwe Gouvène Gaza


Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu shakes hands with French President Emmanuel Macron after their joint press conference in Jerusalem on October 24, 2023.
Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu shakes hands with French President Emmanuel Macron after their joint press conference in Jerusalem on October 24, 2023.

Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, te pale nan telefòn madi 4 jen an ak Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu. Li di l ke se otorite Palestinyen ki ta dwe "asire gouvènans" Gaza a.

Macron te di pandan yon chita pale nan telefòn, ke li apiye pwopozisyon Prezidan Ameriken Joe Biden te fè semèn sa a pou sispann goumen nan Gaza. Nan pwopozisyon yo te genyen akò pou libere otaj ki toujou nan men Hamas yo.

Prezidan fransè a te deklare: "Gaza dwe yon pati entegral nan fiti eta Palestinyen ak nan tèt li otorite Palestinyen pou refòme ak ranfòse li, avèk èd kominote entènasyonal la, pou asire gouvènans li rejyon an".

Lendi 3 jen yon pòtpawòl gouvènman Izrayelyen an deklare ke Premye Minis Benjamin Netanyahu konsidere pwopozisyon Prezidan Ameriken Joe Biden fè pou tire sispann nan Gaza ak pou lage otaj yo, li "enkonplè".

XS
SM
MD
LG