Accessibility links

Breaking News

Pou Netanyahu, pwopozisyon Biden pou Gaza a "pa konplè"


Biden Israel
Biden Israel

Yon pòtpawòl gouvènman Izrayelyen an deklare Lendi 3 Jen ke Premye Minis Benjamin Netanyahu konsidere pwopozisyon Prezidan Ameriken Joe Biden fè pou tire sispann nan Gaza ak pou lage otaj yo, li "enkonplè".

David Mencer, ki se pòtpawòl premye minis la, deklare "Pwopozisyon Prezidan Biden prezante a enkonplè". Dapre evalyasyon Premye Minis la, "fòk lagè a ta sispann pou liberasyon otaj yo" anvan pou gen plis diskisyon sou fason pou reyalize objektif lagè a ki se elimine Hamas.

"Pawòl ki di ke nou dakò pou lagè a kanpe anvan nou satisfè kondisyon nou yo, li pa kòrèk," se sa Netanyahu di nan yon deklarasyon ke biwo li a pibliye.

XS
SM
MD
LG