Accessibility links

Breaking News

Nòrvej, Irland ak Espay di Yo Pral Rekonèt yon Eta Palestinyen


Foto Achiv: Premye Minis Espay Pedro Sanchez.
Foto Achiv: Premye Minis Espay Pedro Sanchez.

Nòrvej, Irland ak Espay di yo pral rekonèt yon eta Palestinyen.

Anons yo, ke yo pral fè ofisyèlman 28 Me te fèt youn apre lòt, an komansman pa Nòvèj, ki te ede negosye ako lapè Oslo yo nan ane 1990 yo.

Jonas Gahr Støre se Premye Minis la.

"Paka gen lapè nan Mwayen Oryan an si pa gen rekonesans."

Peyi a gen entansyon mete a nivo biwo reprezantativ li nan Sisjodani pou fè l tounen yon anbasad.

Premye Minis Irlandè a, Simon Harris di lot peyi ka deside pote kole ak yo.

"Jodia se yon jounen istorik e enpotan pou Irland ak Palestin."

Premye Minis Espayol la, Pedro Sanchez limenm anonse desizyon peyi li devan palman an.

"Rekonesans sa pa kont pèson, e li pa kont pèp Izrayelyen an. Se yon aksyon an favè lapè, jistis ak kowerans moral."

Anons istorik men lajman senbolik la apwofondi pi plis izolman Izrayèl, plis pase 7 mwa apre li tanmen lagè kont Hamas nan Gaza.

Julie Norman se yon pwofesè adjwen Politik ak Relasyon Entènasyonal nan Inivèsite UCL (University College London).

"M kwè desizyon peyi sa yo vizavi eta palestinyen an, desizyon Kou Penal Entènasyonal la e menm LONI sa gen kèk semèn desa endike kijan mond la ap eseye petèt pa repouse men kreye yon ekilib ant sa ki reprezante enfliyans puisan Etazini pandan konfli a ak sa anpil moun wè kom trajektwa pou Palestin."

Izrayèl te denonse desizyon Mèkredi yo tou suit epi raple anbasadè li genyen nan 3 peyi sa yo.

Benjamin Netanyahu se Premye Minis Izrayèl:

"Entansyon peyi ewopeyen sa yo pou rekonèt yon eta Palestinyen egal yon rekonpans pou teworis. 80% Palestinyen nan Jude ak Samari apiye masak terib 7 Oktob la. Malè sa a pa merite yon peyi."

Palestinyen yo yomenm bat bravo pou anons yo kom konfimasyon lit yap mennen depi plizyè dizèn lane pou kreye yon eta nan ès Jerizalèm, Sisjodani ak Bann Gaza a.

Izrayèl te sezi teritwa sa yo nan lagè Mwayèn Oryan an an 1967 e li kontwole yo toujou.

Etazini te sèvi ak pouvwa veto li nan Konsèy Sekirite LONU an pou bloke yon rezolisyon ki te vize kite Palestin vinn manm Nasyonzini. Anbasadè Ameriken an te di fok sa fèt apre negosyasyon lapè Izrayelo Palestinyen yo jwenn rezilta.

Tandiske gen 140 peyi ki rekonèt yon eta Palestinyen, kaskad anons rekonesans yo taka kreye yon momèntom nan yon epok kote menm alye pwoch Izrayèl yo pa sispann kritike l pou konpotman li nan Gaza.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG