Accessibility links

Breaking News

Netanyahu di Atak Mòtèl Izrayelyen nan Rafah se Rezilta Yon "Aksidan Trajik"


Manifestan mete dife pandan yon manifestasyon kont gouvenman Premye Minis Benjamin Netanyahu epi pou mande liberasyon otaj Hamas kenbe yo nan Tel Aviv, 26 Me, 2024.
Manifestan mete dife pandan yon manifestasyon kont gouvenman Premye Minis Benjamin Netanyahu epi pou mande liberasyon otaj Hamas kenbe yo nan Tel Aviv, 26 Me, 2024.

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, di aktak Izrayelyen nan vil Rafah, ki te mete dife nan yon kan refijye kote moun ki te deplase yo te al pran refij se te yon "aksidan trajik".

Dapre chif otorite lokal yo bay gen omwen 45 moun ki pèdi lavi yo atak sila. Atak sa vin ajoute sou gwo kritik entènasyonal le Izrayèl ap fè fas sou lagè li kont Hamas.

Netanyahu pa t elabore sou erè a. Okòmansman, lame Izrayèl la te di ke li te fè yon atak ayeryen presi sou yon pozisyon Hamas. Yo di yo touye 2 ansyen militan.

Lame a di li louvri yon ankèt sou lanmò sivil yo.

XS
SM
MD
LG