Accessibility links

Breaking News

Pwopozisyon pou Kanpe Goumen nan Gaza


3일 이스라엘 군의 공습으로 가자지구 중부 부레이즈 난민촌에 연기가 피어오르고 있다.
3일 이스라엘 군의 공습으로 가자지구 중부 부레이즈 난민촌에 연기가 피어오르고 있다.

Yon pwopozisyon pou batay sispann pou yon bout tan nan Gaza, ogmante èd imanitè epi lage otaj ki anba men Hamas, pwopozisyon sa a pako konnen sò li jodi madi a, kote Hamas pako reponn, kote Izraelyen yo ap poze kesyon sou kèk detay ladann, e kote Etazini ap chache sipò Konsèy Sekirite l-ONU an pou fè 2 pati yo aksepte epi aplike li.

Yon tèks rezolisyon ke Vwadlamerik te wè mande Hamas pou aksepte epi aplike ann antye pwopozisyon pou sispann batay la, « san reta e san poze kondisyon. »

Tèks la di, « Aplikasyon antant sa a touswit ap pèmèt yon ola nan goumen an, kote Izraèl ta wete twoup militè li nan zonn kote moun rete nan Gaza, konsa Hamas ta lage otaj yo, epi ta gen plis èd imanitè nan Gaza, sèvis debaz yo ta rekoumanse fonksyone, epi sivil palestinyen ta retounen nan nò Gaza. »

Otorite ameriken yo repete ayè lendi a ke se Izrayèl ki vini ak pwopozisyon pou kanpe batay la.

XS
SM
MD
LG