Dife Pete nan Penitansye Nasyonal Pòtoprens la

Polis nasyonal Ayiti (PNH) veye Penitansye Nasyonal la ki vid kounyea, apre dife pete andedan enstalasyon an, anbalavil Potoprens, 14 Mas, 2024.

Dife pete nan prensipal penitansye Pòtoprens la Jedi maten.

Videyo montre gwo nuaj lafimen nwa kap soti nan entalasyon an, kote nèg ak zam t al libere prizonye pi bonè mwa sa a.

Li pa klè si gen prizonye ki toujou fèmen nan prizon an, nou pa konnen non plis, kisak koze dife a.

Ayiti ap goumen pou rezoud kriz politik ak sosyal ki lakoz plizyè milye moun oblije kouri kite kay yo pandan ke gang ame yo ap pran plis tèritwa.

Blòk rejyonal CARICOM nan detaye yon plan pou pati politik Ayisyen yo ak sektè sosyal yo travay ansanm pou fòme yon konsèy tranzisyon prezidansyèl ki va gen 9 manm ki pral dirije peyi a apre Premye Minis Ariel Henry, ki pa eli, anonse demisyon ni Lendi.

Negosyasyon sou kiyès kap fè pati konsèy la te dewoule nan La Jamayik Lendi. Lidè Karayibeyen yo ak Sekretè Deta Antony Blinken te patwone rankont sa a.

Men jiskaprezan poko gen okenn anons ofisyèl pou di kiyes ki pral fè pati konse1y la.

Nan Pòtoprens, sitwayen yo te pwofite bès nan zak vyolans yo pou y al achte epi pran lajan labank.

Lekòl ak ponp gaz yo rete fèmen.

Transpò piblik rekòmanse fonksyone e moun te ka wè plis Ayisyen nan lari.

Priyorite nimewo 1 anpil nan yo sete al pran lajan.

Bank yo reko`manse louvri apre yo te pase preske 10 jou fèmen akoz zak vyolans gang yo.

Anpil sitwayen te pwofite pou y al fe pwovizyon tou.

2 prensipal ayewopò yo ak pò Ayiti rete fèmen - sa ki lakoz anpil moun gen kè sote pou livrezon asistans imanite nan moman kote LONU di 4 milyon Ayisyen ap fè fas ak ensekirite alimantè e yon milyon lòt taka mouri grangou.

Enfomasyon pou repòtaj sa a soti nan Reuters ak Associated Press