Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Elikoptè Evakye Jounalis Ameriken Mitch Albom, ak 9 lòt Moun


Haiti Rescue Albom
Haiti Rescue Albom

DETROIT (AP) — Elikoptè te ede evakye ekriven ak jounalis Detroit Free Press, an palan de Mitch Albom, ak 9 lòt sitwayen, fè yo kite Ayiti apre yo te vin bloke nan kapital peyi a pandan yo tap vizite yon òfelina.

Albom di nan yon deklarasyon sou X, ke gwoup la te oblije pran abri andedan òfelina a ki rele Have Faith Haiti Mission & Orphanage nan Pòtoprens.

Elikoptè a te ateri ann Ayiti byen bonè lendi maten e tranpòte gwoup la pou mennen li ale nan Repiblik Dominikèn.

Depite Repibliken pou eta Michigan Lisa McClain te ede fè aranjman pou pote sekou bay moun sa yo apre yo te fè konnen sitiyasyon yo.

Se Depite Repibliken Cory Mills ki reprezante eta Florid nan Kongrè Etazini an, ki se tou yon veteran Lame Ameriken, ki te moute plan pou fè gwoup la kite peyi a.

XS
SM
MD
LG