Accessibility links

Breaking News

DeSantis bay lòd Pou Depwaye 250 Ajan Lapolis ak Sòlda pou Ede Bloke Migran Ayisyen Kap Kouri Kite Ayiti


Florida-Don't Say Gay
Florida-Don't Say Gay

Gouvènè Repibliken Ron DeSantis bay lòd pou depwaye plis pase 250 ajan lapolis ak sòlda nan Florida pou ede bare sa li prevwa kòm yon vag imigran ayisyen ki pwal kouri kite peyi Dayiti akoz zak vyolans gang nan peyi a.

Men Gad Kòt di apre gouvènè a te fin pase lòd la Mèkredi 13 mas la ke yo pako wè yon ogmantasyon nan kantite imigran ayisyen kap eseye antre Etazini illegalman nan bato.

Gouvènè a di ke li ap voye yon melanj plizyè kalite polis, tankou Gad Nasyonal ak gad forestye elatriye nan alantou Penensil Florid la nan sid Etazini.

XS
SM
MD
LG