CARICOM Oganize yon Rankont Dijans nan Jamayik pou Diskite sou Ayiti

Prezidan Guayana Irfaan Ali pandan yon konferans pou lapres nan Georgetown, 29 Fevriye, 2024.

Lidè peyi CARICOM yo (Kominote Karayibeyèn) ap oganize yon rankont dijans Lendi nan Kingston, Jamayik pou diskite sou sityasyon Ayiti.

Dapre potpawol Nasyonzini, Stephane Dujarric, rankont la pral dewoule nan katye jeneral CARICOM nan kapital Jamayikèn nan e Chèf Kabinè LONU an, Courtenay Rattray pral asiste.

Ajans nouvèl Associated Press rapote ke reprezantan Etazini, Kanada ak la Frans va asiste rankont la tou ki vize chache yon mwayen pou anpeche Ayiti degringole pi plis akoz zak vyolans gang yo.

CARICOM deplwaye jefo depi 2023 pou rankontre pati prenant Ayisyèn yo ak sosyete sivil yo pou ankouraje yo antann yo sou yon plan tranzisyon pou Ayiti ka restore enstitisyon demokratik li yo pi vit posib. Jiskaprezan, jefo li yo pa bay rezilta.

"Nou toujou gen gwo kè sote pou ensekirite a kap deteryore rapidman epi zak vyolans gang yo kap kontinye kote yap goumen ak fos polis yo nan kèk katye kapital la Potoprens," Dujarric di jounalis yo.

Misye di Sekretè Jeneral Antonio Guterres lanse apèl anko bay gouvènman Ayisyen an ak tout pati prenant yo pou yo mete yo dakò tou suit pou pèmèt pwosesis politik la avanse epi oganize eleksyon.

LONU souliyen tou bezwen ijan ki egziste pou kominote entènasyonal la aji imedyatman pou kontribye finansyèman ak misyon Sipo Sekirite Miltinasyonal la ke Ayiti bezwen pou jere ensekirite a.

CARICOM pibliye yon deklarasyon Vandredi ki di "sityasyon Ayiti toujou terib". Prezidan aktyèl la, ki se an menm tan Prezidan Guyana Mohammed Irfaan Ali deklare:

"Nou trèz o kouran de bezwen ijan ki egziste pou jwenn yon konsansis. Nou souliyen enpotans pou tout pati yo mete yo dakò sou chimen yo dwe pran pou avanse paske tan an ap fè yo lagè. Dapre sa nou tande, sityasyon an an Ayiti terib e sa ba nou gwo kè sote."

Pandansetan, Premye Minis Ayisyen an Ariel Henry toujou Pòtoriko kote li te ateri apre otorite Repiblik Dominikèn yo te derefize bay otorizasyon pou avyon an ateri lakay yo. Pòtoriko se yon teritwa Ameriken.

Zak vyolans gang ame yo ozalantou ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la nan Pòtoprens lakoz otorite yo fèmen li. Tout vòl yo anile.

Li poko klè si Henry va vwayaje de San Juan pou al nan la Jamayik pou asiste rankont CARICOM nan.

Korespondan VOA nan Nasyonzuni Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a. Kek enfomasyon soti nan Associated Press