Accessibility links

Breaking News

CARICOM: 'Fòk Gen yon Konsansis Pami Tout Aktè Kle Ayisyen yo' Pi Vit Posib


Foto Achiv: Prezidan Guyana Mohamed Irfaan Ali pandan rankont Canada-CARICOM nan nan Ottawa, Canada, 18 Oktob, 2023.
Foto Achiv: Prezidan Guyana Mohamed Irfaan Ali pandan rankont Canada-CARICOM nan nan Ottawa, Canada, 18 Oktob, 2023.

Chèf aktyèl CARICOM nan, Dr. Mohamed Ifraan Ali, pibliye yon videyo ak yon deklarasyon Mèkredi 6 Mas la kote li detaye demach Kominote Karayibeyèn nan ap fè pou jwenn yon solisyon pou kriz Ayiti.

"Malgre yon pakèt rankont, nou poko rive jwenn okenn konsansis ant Gouvènman (Ayisyen an) ak pati prenant yo nan Opozisyon an, sektè prive a, sosyete sivil la ak oganizasyon relijez yo.

Sityasyon an konplèks, gen anpil eleman kap chanje tout tan, epi sak rann sityasyon an pi divisil se absans enstitisyon kle yo tankou Prezidans la ak Palman an. Vag zak vyolans yo ak mank asistans imanitè minnen sityasyon an pi plis toujou.

Nou tout ankouraje pati prenant Ayisyen yo ke gen yon bezwen dijans pou yo jwenn yon konsansis etan donan ke yo ensiste ke solisyon an dwe yon solisyon Ayisyen ke Ayisyen dirije. Nou rekonèt ke dwe gen yon solisyon politik ki sèvi kòm poto mitan nempòt ki jefò stabilizasyon, sekiritè ak imanitè.

Deklarasyon by Dr Mohamed Irfaan Ali Chef CARICOM 6 Mas 2024
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:02 0:00

Le fèt ke plis moun mouri an Ayiti nan komansman ane sa a pase kantite moun ki mouri Ikrèn dwe fè tout moun an Ayiti ak nan kominote entènasyonal la poze pou reflechi seryezman.

Konsèy Sekirite LONU ap diskite sou kestyon sa a jodia dèyè pòt fèmen. Li klè ke menm ak yon solisyon Ayisyen, nou pral bezwen sipò non sèlman CARICOM men kominote entènasyonal la tou. Men pou rive la fòk nou gen yon konsansis ant aktè kle Ayisyen yo.

Yo tout konnen ki pri yo pral peye si nou echwe. Rankont nou yo ap kontinye jodia ak tout pati konsène yo. Nou va kontinye kenbe Kominote a o kouran de dènye devlopman yo."

XS
SM
MD
LG