Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Pòtoriko Pwoteste Devan Otèl PM Ariel Henry a


Manifestan Ayisyen kanpe devan otel kote yo kwe PM Ariel Henry desann nan San Juan, Potoriko, 6 Mas, 2024.
Manifestan Ayisyen kanpe devan otel kote yo kwe PM Ariel Henry desann nan San Juan, Potoriko, 6 Mas, 2024.

Premye Minis Ariel Henry ap goumen pou l rete sou pouvwa a. Nan moman lap eseye retounen Ayiti, gang ame yo fòse fèmti ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la epi libere plis pase 4,000 prizonye nan penitansye yo.

Apati Mèkredi, Henry te toujou Pòtoriko kote li te ateri Madi apre Repiblik Dominiken te anpeche li ateri lakay li. Otorite Dominikèn yo di se paske yo fèmen espas ayeryen yo pou tout vol kap antre-soti Ayiti.

Direktè Enstiti Aviyasyon Sivil Dominiken an di jounalis yo avyon premye minis la pat genyen yon plan de vòl ki se yon egzijans.

Devan otèl kote yo di premye minis la desann nan kapital Pòtoriko a, San Juan, yon ti gwoup Ayisyen te kanpe ak pannkat ki mande li bay demisyon l.

Manifestan Ayisyen kanpe devan otel kote yo kwe PM Ariel Henry desann nan San Juan, Potoriko, 6 Mas, 2024.
Manifestan Ayisyen kanpe devan otel kote yo kwe PM Ariel Henry desann nan San Juan, Potoriko, 6 Mas, 2024.

Leonardo Prophil, se pòtpawòl kominote Ayisyèn Pòtoriko.

"Nou isit pou mande demisyon Premye Minis la pou ka gen eleksyon epi pou peyi retounen nan eta nòmal li."

Jose Rodriguez se Prezidan Komite Dwa Moun Pòtoriko.

"Kominote Ayisyèn nan mande nou vini isit pou pwoteste kont prezans Ariel Henry, ki benyen nan san Ayiti kounyea paske li pat òganize eleksyon jan li te dwe fè l. Pwobableman li tap eseye antre Repiblik Dominikèn tou dousman dapre sa nou aprann jodia. Gouvènman Dominiken an chanje lide paske sa te ka mete gouvènman an nan yon sityasyon difisil. Donk nap pwoteste pou ke mouche sa a kite Pòtoriko paske li se pèsona non-grata - non sèlman pou kominote Ayisyèn nan men tou pou kominote Dominikèn ki afekte pa sityasyon aktyèl peyi d Ayiti."

Premye Minis Ariel Henry (dezyem a goch) rive nan Inivesite Entenasyonal Etazini nan Nairobi, Kenya, 1 Mas, 2024.
Premye Minis Ariel Henry (dezyem a goch) rive nan Inivesite Entenasyonal Etazini nan Nairobi, Kenya, 1 Mas, 2024.

Henry paka tounen Ayiti kounyea, e sanble lap fè fas ak yon enpas kap ogmante de jou-an-jou pami responsab ki swa ap mande l demisyonnen swa ap ankouraje l fè sa.

Henry te kite Ayiti mwa pase a pou asiste rankont o somè 4 jou CARICOM lan nan Guyana. Apre rankont Kominote Karayibeyèn nan li te pran avyon pou Kenya, kote li te rankontre Prezidan William Ruto pou siyen yon akò bilateral pou otorize deplwaman polisye Kenyan pou dirije yon fòs sekirite miltinasyonal ke LONU apiye, pou ede polis nasyonal Ayiti retabli sekirite nan peyi a.

XS
SM
MD
LG