Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite LONU an Eksprime Enkyetid li sou Sityasyon 'Kritik' Ayiti


UN Security council Meeting
UN Security council Meeting

Konsey Sekirite Nasyonzini an eksprime enkyetid li Mekredi sou sityasyon 'kritik' peyi d Ayiti, kote yon chef gang menase pou l deklanche yon "gè sivil" si Premye Minis Ariel Henry pa demisyonnen.

Gang kriminèl yo, ki kontwole majorite kapital la, Potoprens, ansanm ak otowout pou ale nan rès depatman peyi a, pran kontwol pandan jou ki pase yo sit estratejik peyi a. Pami yo gen plizyè penitansye ki lakoz dè milye prizonye kouri chape poul yo.

Fas ak eskalad sa a, Konsèy Sekirite a oganize yon rankont dijans Mèkredi apremidi. "Nou pat gen chwa, sityasyon an kritik," Anbasadè peyi Ekwatè a, Jose Javier De la Gasca Lopez Dominguez di ajans nouvèl AFP.

"Tout moun pataje enkyetid yo" notaman nesesite pou deplwaye rapidman misyon entènasyonal ki pral apiye polis nasyonal la, Anbasadris Malta, Vanessa Frazier deklare.

Zon ayewopo Toussaint Louverture la te konstate plizye afwontman ant fos de lod yo ak gang yo nan nuit Madi a, dapre yon sous polisye.

Chef gang Jimmy Cherizier, ki gen anpil enfliyans, sèmante Madi ke si Ariel Henry pa demisyonen e si kominote entènasyonal la kontinye apiye li, peyi a pral "plonje nan yon gè sivil tou dwat ki taka debouche sou jenosid."

XS
SM
MD
LG