Accessibility links

Breaking News

Chèf Nasyonzini an "Gen Anpil Kè Sote pou Sitiyasyon" Sekirite a ann Ayiti

UN Secretary-General Antonio Guterres (L) and UN High Commissioner for Human Rights Volker Turk talk as they arrive for the opening of 55th session of the Human Rights Council in Geneva on February 26, 2024. (Photo by GABRIEL MONNET / AFP)

Sekretè jeneral Nasyonzini an "enkyete anpil pou sitiyasyon sekirite a" ki vin pi grav nan Pòtoprens, nan moman kote gouvènman ayisyen an dekrete yon eta dijans apre plizyè milye prizonye te sove kite pi gwo prizon peyi a, Penitansye Nasyonal la, apre atak gang yo nan alantou prizon an, dapre pòtpawòl li.

Sekretè jeneral Antonio Guterres « mande gouvènman ayisyen an ak lòt aktè politik pou yo jwenn yon antant vit pou yo retabli enstitisyon demokratik yo nan òganizasyon eleksyon nan peyi a. »

Pòt pawòl Stéphane Dujarric pale tou "sou jan li enpòtan pou deplwaye fòs miltinasyonal ke Kenya pwal dirije a pou "anpeche peyi a plonje nan plis dezòd."

XS
SM
MD
LG