Accessibility links

Breaking News

Ki Kote PM Ariel Henry Ye?


Premye Minis Ariel Henry (dezyem a goch) rive nan Inivesite Entenasyonal Etazini nan Nairobi, Kenya, 1 Mas, 2024.
Premye Minis Ariel Henry (dezyem a goch) rive nan Inivesite Entenasyonal Etazini nan Nairobi, Kenya, 1 Mas, 2024.

Ki kote Premye Minis Ariel Henry ye? Se kestyon pi fò Ayisyen ap poze, nan moman gang ame yo ap plonje peyi d Ayiti pi fon nan anachi.

Ki kote nan mond lan premye minis la ye?

Ariel Henry, ki te monte sou pouvwa a an 2021 apre asasina Prezidan Jovenel Moise, notableman absan pandan pi gwo zak vyolans ki frape Ayiti nan semèn ki pase a. Henry gade silans pandan lap siyonnen mond lan kote li vizite Amerik di Sid epi apre sa l Afrik, san li pa anonse ki jou lap tounen.

Pandansetan, gwoup ame yo sezi opòtinite apou konble vid pouvwa a. Yo eseye pran kontwòl ayewopò entènasyonal la Lendi epi twoke kout zam ak lapolis ak sòlda lame. Eksplozyon zak vyolans la te enkli yon evazyon masiv nan 2 pi gwo penitansye peyi d Ayiti yo.

Menm yon dekrè ki tabli yon eta dijans ak yon kouvrefe pou retabli lòd pat gen siyati Henry sou li. Se minis finans la, kap aji kom premye minis a.i. ki siyen l pito.

Chèchè Jake Johnson, ki travay kom asosye nan Sant Rechèch Ekonomik ak Politik la, ki gen baz li nan Washington, di Associated Press: "se kestyon ki vo yon milyon dola a".

Johnson ajoute: "pèsonn pa konnen ki kote li ye, ni kilè lap tounen. Le fèt ke li pa louvri bouch li depi zak vyolans yo te tanmen, lakoz anpil spekilasyon."

Gang yo te louvri zam sou lapolis lendi swa, devan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la, kote Henry ta dwe ateri le lap tounen lakay li.

Moun te ka wè blende sou pis aterisaj la ki tap tire sou gang ki tap eseye antre ayewopò a pandan yon pakèt anplwaye ak lot travaye tap kouri pou yo pa pran bal. Ayewopò a te fèmen pandan atak la. Okenn avyon pat dekole ni ateri e pat gen okenn pasaje sou plas. Ayewopò a rete fèmen jodi Madi a.

Lekol ak bank fèmen tou. Transpò piblik prèske pap fonksyone. Toupatou nan kapital la, Pòtoprens, enstalasyon polisye yo te abandone.

Yon Ayisyen ki idantifye tèt li kom Michel St Louis, 40 an, te kanpe devan yon komisarya lapolis ki boule nan kapital la.

Misye di AP: "Ayiti anba kontwòl gang yo kounyea. Gouvènman an pa prezan. M espere yo ka anpeche Henry tounen pou ke kèlkeswa moun ki ta pran pouvwa a ka retabli lòd."

Tandiske pwoblèm peyi d Ayiti konplike, e pa fasil pou rezoud, popilarite PM Ariel Henry diminye anpil. Enkapasite li pou gouvène lakoz Ayisyen lanse apèl pou l demisyonnen. Gang yo tou mande pou l kite pouvwa a, menm si se pou avanse enterè kriminèl yo dapre Johnson.

Pèson pa konnen egzakteman ki kote Henry ye. Daniel Foote, ki te sèvi kòm anvwaye espesyal administrasyon Biden nan an Ayiti apre asasina Moise la di li kwè premye minis la Nouyòk kote lap reflechi sou ki sa li pral fè epi si li ka tounen Ayiti an sekirite. Associated Press patka verifye deklarasyon sa a.

Foote di AP: "M pa konnen si lap kapab tounen lakay li."

Dènye fwa moun te wè Henry sete Vandredi nan Kenya, pandan yon misyon pou sove misyon pou voye yon fòs sekirite miltinasyonal ke peyi Afrik de Lès la ta dirije. Nasyonzini otorize fòs la.

Henry kite Ayiti sa gen plis pase yon semèn, pou l asiste rankont lidè CARICOM yo nan Guyana, kote yo te anonse yon dat - lòt lidè yo pa Henry - pou ranvwaye eleksyon ki deja ranvwaye plizyè fwa - ankò. Yo anonse nouvo dat eleksyon an se pral mitan ane 2025.

Anons la sanble deklanche nouvo eksplozyon zak vyolans yo. Kawo a te komanse ak yon defi dirèk ki soti bò kote Jimmy Cherizier, chèf gang puisan an, ki se yon ansyen polisye PNH. Cherizier, ke moun bay ti non jwèt "Barbecue" konsidere tèt li kòm sovè pèp defavorize a. Cherizier deklare li pral sible minis gouvènman yo pou eseye anpeche Henry tounen epi egzije l demisyonnen.

"Zam nou ak pèp Ayisyen an, nou pral libere peyi a," misye deklare bay laprès nan moman li tap anonse ofansiv li a.

Misye pase a l aksyon pou fè sa li te menase pou fè a pandan jou ki te vini apre yo. Gang yo te atake bank santral la, ayewopò a e menm stad nasyonal Sylvio Cator la. Ofansiv kowòdone a te debouche tou sou evazyon prizonye Penitansye Nasyonal la pandan wikèn nan kote plis pase 5,000 prizonye - anpil nan yo tap pije santans pou asasina, kidnapping ak lòt krim vyolan - te rive chape poul yo.

Biwo premye minis la pa reponn plizyè demann AP fè pou kòmantè. Li pa di non plis ki kote premye minis la ye ni kilè li pral tounen.

Henry se yon nerològ ki pale ak vwa ba, e ki konsidere tèt li tankou yon pèsonaj tranzisyonèl ki la pou tabli lapè e ki gen apui gouvènman Ameriken an. Etazini se alye dominan Ayiti depi lontan e li jwe yon wòl kle nan nempòt ki jefò pou stabilize Ayiti.

Sepandan sipò administrasyon Biden nan pa fè anyen pou rann Henry popilè an Ayiti. Depi li monte sou pouvwa a sa gen 2 zan desa, eknomi an tonbe an degraba, pri manje ogmante 17 wotè epi zak vyolans gang yo rive nan nivo peyi a poko janm konstate.

Ane pase a, plis pase 8,400 moun te mouri, blese ou kidnape - yon chif ki prèske doub sa yo te anrejistre an 2022. LONU estime prèske mwatye popilasyon Ayiti - 11 milyon moun - bezwen asistans imanitè.

Met sou sa, Henry pa resi inifye aktè politik Ayisyen yo pou atann yo sou eleksyon jeneral, ki pa dewoule nan peyi a depi 2015.

Gwo ogmantasyon nan zak vyolans yo renouvle presyon sou Etazini ak lòt puisans etranje yo pou yo deplwaye rapidman yon fòs sekirite pou anpeche plis san koule. Administrasyon Biden nan pwomet pou l kontribye finansman ak sipò lojistik pou nempot ki fòs miltinasyonal, men li derefize pran angajman pou voye twoup an Ayiti.

Foote, di AP Etazini paka evite yon entèvansyon Ameriken kounyea.

"Li absoliman nesesè," Foote deklare nan yon entèvyou. "Nou kite sityasyon an ale de mal an pi pandan nou mete responsabilite a sou do lòt moun. Men pèsonn paka di Ayiti pa yon peyi ki echwe lè yo wè penitansye a kraze."

Tandiske eleksyon reprezante pi bon fason pou stabilize peyi a apre yo finn retabli sekirite, Etazini pral oblije abandone sipò li pou Henry pou yon entèvansyon ka gen siksè, Foote deklare.

Li ajoute: "Pèp Ayisyen an pap aksepte okenn eleksyon Henry òganize. Si se pat pou apui Etazini, Ayisyen tap gen tan dechouke Henry depi lontan."

XS
SM
MD
LG