Accessibility links

Breaking News

Repiblik Dominikèn di Li Pap Tabli Kan Refije pou Ayisyen Lakay li


Foto Achiv: Prezidan Repiblik Dominikenn Luis Abinader nan Bruksel, Beljik, 18 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Prezidan Repiblik Dominikenn Luis Abinader nan Bruksel, Beljik, 18 Jiye, 2023.

Prezidan Repiblik Dominikèn, Luis Abinader deklare Lendi 4 Mas ke peyi li pap janm aksepte pou tabli kan refije lakay li.

"Nou pap janm aksepte kan refije Ayisyen lakay nou. Se or kestyon. E mwen pa kwè Nasyonzini pral mande sa. Mwen pa kwè yap janm fè sa."

Abinader te reponn konsa lè jounalis yo te poze l kestyon sou posibilite pou dezod ta pete an Ayiti.

Abinader di jounalis yo tou pandan yon konferans pou laprès, ke gouvènman li an pral pran mezi pou asire yo ka mentni yon "nivo lapè ak kontwol" sou fwontyè ak Ayiti a.

"Nap pran tout mezi nesesè pou eseye kontinye ak nivo lapè ak kontwol nou genyen sou fwontyè nou ak Ayiti."

Abinader di an kontak ak kominote entènasyonal la sou sityasyon Ayiti.

"Nap kolabore tou ak kominote entènasyonal la e nap prete atansyon ak tout sa nou ka fè pou ede stabilize sityasyon an san nou pa foure bouch nou nan zafè Ayiti pou rezon nou toujou eksprime. E nou pran kontak ak lot peyi. Se tout sa mwen ka di pou kounyea."

Dimanch 3 Mas, gouvènman Ayisyen an te anonse yon eta dijans pou 72 zè epi enpoze kouvre fe lanuit apre gwoup sivil ame te kraze penitansye nasyonal la epi yon chèf gang puisan te lanse apèl pou dechouke Premye Minis Ariel Henry.

Zak vyolans yo te eklate pandan Henry te nan peyi etranje. Gen dout sou ki kote misye ye egzakteman apre li te vwayaje nan Kenya pou siyen yon ako ak peyi Afriken sa a pou otorize l dirije yon fos entenasyonal pou ede Ayiti konbat gang yo kap ogmante pouvwa ak enfliyans yo pi plis chak jou.

XS
SM
MD
LG