Accessibility links

Breaking News

Biden Diskite sou Ayiti, Ekonomi ak Prezidan Dominiken an


Prezidan Etazini Joe Biden rankontre Prezidan Repiblik Dominiken Luis Abinader nan Biwo Oval Lamezonblanch la nan Washington, 2 Novanm, 2023.
Prezidan Etazini Joe Biden rankontre Prezidan Repiblik Dominiken Luis Abinader nan Biwo Oval Lamezonblanch la nan Washington, 2 Novanm, 2023.

Prezidan Joe Biden akeyi Prezidan Dominiken an Luis Abinader nan Lamezonblanch jodia.

Prezidan Joe Biden ap diskite sou ensekirite a an Ayiti epi relasyon ekonomik bilateral ant Etazini ak Repiblik Dominiken, pandan yon rankont ak Prezidan Luis Abinader Jedi nan Lamezonblanch.

"Patenarya ant peyi nou pi djanm ke jame, an laj pati akoz lideship ou. Ansanm nap ogmante opotinite pou moun kap chache travay nan tou le 2 nasyon yo, epitou atrave Patenarya Ameriken pou Pwosperite Ekonomik la. Nou kanpe kot-a-kot pou kontre koripsyon e mwen apresye sa. Mwen ta renmen remesye w mesye le prezidan pou lideship ou ki toujou enpotan nan rejyon an. E ou konnen anfen nap travay ansanm pou kontre sityasyon imanite istorik ak ensekirite a an Ayiti."

Biden di fok yo pase a laksyon rapidman anski konsene Ayiti.

" Jan mwen te di l nan asanble jeneral LONU, pep Ayisyen an paka tann anko. Ansanm nou kontinye ap chache sipo pou fos polis miltinasyonal Kenya pral dirije a. Epi nou pral kontinye ankouraje akte politik ayisyen yo pou yo kole tet ansanm pou byenet peyi yo. Misye le prezidan mwen vle remesye w anko pou efo pou fe pou vwayaje Washington. Mwen kotan diskite ave w jodia sou kestyon sa yo, sou relasyon ant peyi nou epi ak rejyon an."

Prezaidan Dominiken an, Luis Abinader te remesye Biden tou.

"Pep Dominiken an tre fye de pwogre ekonomik nou fe a ki depann anpil de komes nap fe ak Etazini epi tourizm. Nou pral kontinye travay du pou konstwi yon pi bel avni pou tout pep nou yo. Misye le prezidan map byen kontan akeyi w nan Repiblik Dominikenn pou pwochen Some Dez Amerik yo an 2025, kote nou va kontinye devlope lyen pwosperite, sekirite ak demokrasi ki lye nou yo."


Repiblik Dominikèn te anonse nan mwad Oktòb la, kèk nouvo mezi pou ranfòse kontwòl li sou fwontyè li pataje ak Ayiti a, nan moman 2 peyi vwazen yo dozado akoz konstriksyon yon kanal sou Rivyè Masak la, ki sitye ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

XS
SM
MD
LG