Accessibility links

Breaking News

UNGA: Abinader sou Kanal Wanament la


UNGA: Abinader sou Kanal Wanament la
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:44 0:00

Sou kestyon konstriksyon kanal Wanament la, Abinader te bay pespektiv pa li. "Yon ti gwoup sitwayen Ayisyen ap konstwi yon kanal ilegal sou teritwa Ayisyen an pou pran dlo Rivye Masak la, ki se yon vyolasyon trete fwontye Dominiken-Ayisyen an."

Sou kestyon konstriksyon kanal Wanament la, Abinader te bay pespektiv pa li.

"Yon ti gwoup sitwayen Ayisyen ap konstwi yon kanal ilegal sou teritwa Ayisyen an pou pran dlo Rivye Masak la, ki se yon vyolasyon trete fwontye Dominiken-Ayisyen an."

Li kontinye pou l di Rivye Masak la pran nesans nan Repiblik Dominken e ke se 2 kilomet selman ki sitye an Ayiti.

"Se nan ti pati rivye sa a ke Ayisyen yo ap konstwi kanal la. Enfomasyon nou resevwa endike se yon fason pou kontwole dlo a epi vann ni bay ti komesan nan zon nan. Yo pa janm komunike ofisyelman ak gouvenman Dominiken an ide pwoje sila a. Ni enpak konstriksyon an ap genyen sou plant nan rejyon an, ak enpak anviwonmantal la."

XS
SM
MD
LG