Accessibility links

Breaking News

Prezidan Luis Abinader: 'Yon Gè Sivil Prèt pou Eklate an Ayiti'


Prezidan Dominiken Luis Abinader pale sou sityasyon Ayiti kap deteryore pi plis chak jou, pandan yon deklarasyon devan la pres nan Nasyonzini, 13 Fevriye 2024.
Prezidan Dominiken Luis Abinader pale sou sityasyon Ayiti kap deteryore pi plis chak jou, pandan yon deklarasyon devan la pres nan Nasyonzini, 13 Fevriye 2024.

Prezidan Repiblik Dominikèn nan deklare "yon gè sivil prèt pou eklate an Ayiti".

Luis Abinader eksprime kè sote li pa rapò ak sityasyon Ayiti a ke li dekri tankou "ijan" pandan yon diskou devan Konsèy Sekirite LONU an nan Nouyòk. Li se premye prezidan Dominiken ki janm pran la pawòl devan konsèy la.

"Rezilta a se ke Ayiti, yon peyi gang kriminel finn kontwole pret yon lage sivil eklate."

Abinader di sak vinn agrave sityasyon an se gwoup paramilite yo ak lidè politik yo.

"Sityasyon an vinn pi grav akoz gwoup paramilite ak politik ki prezante tet yo tankou sovè pèp la devan yon peyi ki bezwen sekirite, manje ak lapè."

Abinader souliyen zak vyolans gang yo gen enpak sou non sèlman peyi pa li men tout rejyon an e ke fòk kominote entènasyonal la pase a l aksyon olye pale met la.

"Repiblik Dominiken pa bay Ayiti sa li dwe l men pito sa li bezwen. Epok pwomes la fini. "

Abinader di apati jodia konsiy yap suiv se swa nou goumen ansanm pou sove Ayiti oswa nap goumen poukont nou pou pwoteje Repiblik Dominiken.

Prezidan Dominiken an di depi mwad Septanm 2021 gouvènman li an ap lanse apèl bay manm LONU yo sou kondisyon sosyal yo ki deteryore an Ayiti. Li di malerezman LONU pa aji an ijans epi serevite sityasyon an mande.

Abinader di li apresye of Kenya fè pou l dirije yon fos miltinasyonal pou ede Ayiti jere ensekirite a. Men fok kominote entènasyonal la voye lajan li te pwomèt pou apiye misyon an.

Prezidan Dominiken an fini pa di, si yo pa jere sityasyon, peyi li pare pou l defann tèt li.

"Apati jodia nap antre nan moman aksyon. Si nou pa bay lajan kounyela a, Ayiti pral plonje nan yon sityasyon irevesib. Yon echek konsa ta menase peyi m ansanm ak tout rejyon an."

Semèn pase a nan yon entèvyou ak VOA, Minis Afè Etranjè Kenyan an te di peyi li ap tann yon lèt ofisyèl bo kote gouvènman Ayisyen an ki mande asistans Kenya pou konbat ensekirite a.

Lèzetazini pwomèt pou l kontribye plizyè santèn milyon dola pou finanse misyon an.

XS
SM
MD
LG