Accessibility links

Breaking News

Eske Etazini Mande Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pou l Demisyonnen?


Foto Achiv: Anbasadris Etazini nan Nasyonzini Linda Thomas-Greenfield
Foto Achiv: Anbasadris Etazini nan Nasyonzini Linda Thomas-Greenfield

Jounalis nan Nasyonzuni mande Anbasadris Etazini nan LONU, Linda Thomas-Greenfield si Etazini mande Premye Minis Ayisyen Ariel Henry demisyonnen.

Li reponn: " Sa nou mande Premye Minis Ayisyen an fè se pouse pou pi devan ak yon pwosesis politik ki va debouche sou etablisman yon konsèy tranzisyon prezidansyèl ki va oganize eleksyon. Nou kwè li ijan pou l pouse pou pi devan sou sa dirèkteman epi tanmen pwosesis pou retabli nòmalite pou pèp Ayisyen an."

Eske Etazini Mande PM Ariel Henry Bay Demisyonn?
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:35 0:00


Konsèy Sekirite LONU ap fè yon rankont dijans pou diskite sou sityasyon Ayiti jodia, dèyè pot fèmen. Thomas-Greenfield te pale ak laprès anvan reyinyon an.

Anbasadris la fè konnen li te rakontre PM Henry nan Guyana nan kad rankont lidè CARICOM yo.

"Nou gen anpil kè sote pou sityasyon an (an Ayiti) kounyea. E nou gen kè sote sou kijan pwosesis politik la ka avanse yon fason ki an sekirite men tou ki apiye bezwen pèp Ayisyen an. Donk nap travay ak Kenyan yo pou pouse pou pi devan ak gwoup sipo miltinasyonal la e nou espere nap kapab aji rapidman."

Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG