Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch Demanti Etazini Mande Premye Minis Ariel Henry Demisyonnen


Potpawol Lamezonblanch Karine Jean-Pierre reponn kestyon jounalis yo nan Washington, 6 Mas, 2024.
Potpawol Lamezonblanch Karine Jean-Pierre reponn kestyon jounalis yo nan Washington, 6 Mas, 2024.

Pòtpawòl Lamezonblanch, Karin Jean Pierre demanti Etazini mande Premye Minis Ayisyen Ariel Henry Demisyonnen.

"Definitivman nou pap ankouraje premye minis la demisyonnen se pa sa nap fè. Men nou souliyen ke lè a rive pou finalize yon akò politik pou mete Ayiti sou yon chimen pou yon avni miyò. E nap travay sou sa depi kèk tan. "

Foto Achiv: Pot pawol Depatman Deta Matthew Miller reponn kestyon pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 18 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Pot pawol Depatman Deta Matthew Miller reponn kestyon pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 18 Jiye, 2023.

Pi bonè nan jounen an, pòtpawòl Depatman d Eta a, Matt Miller te reponn menm kestyon an. Eske Etazini mande Premye Minis Ayisyen Ariel Henry bay demisyonn?

"Nou pa mande l demisyonnen ni mete presyon sou li pou l demisyonnen men nou ankouraje li rapousuiv ak pwosesis pou tabli yon gouvènman enklisiv ki va travay an tout ijans pou pare peyi a pou ede peyi a prepare l pou misyon miltinasyonal ki pral ede peyi a retabli sekirite epi prepare eleksyon lib e onèt."

Miller presize ke Etazini pap aji poukont li men pito an konsètasyon ak divès aktè.

"M kwè li enpotan pou presize Etazini pap aji poukont li sou kestyon sa a. Nap konsilte ak patnè nou yo nan rejyon an e sa nou di premye minis la se fòk li pouse pou pi devan rapidman ak pwosesis pou tabli yon gouvènman ki enklisiv an Ayiti. Ladann gen nominasyon yon konsèy de tranzisyon. Se sa nou pral kontinye diskite avè l."

Lè jounalis yo mande l ki kote Ariel Henry ye aktyèlman. Men sa Miller reponn:

"Mwen pap diskite plan vwayaj li ditou mwen kwè li apwopriye pou li pale sou sa limenm."

Pi bone nan jounen an, jounalis nan Nasyonzini te poze Anbasadris Etazini an, Linda Thomas Greenfield menm kestyon an.

"Sa nou mande Premye Minis Ayisyen an fè se pouse pou pi devan ak yon pwosesis politik ki va debouche sou etablisman yon konsèy tranzisyon prezidansyèl ki va òganize eleksyon. Nou kwè li ijan pou l pouse pou pi devan sou sa direktèman epi tanmen pwosesis pou retabli nòmalite pou pèp Ayisyen an."

Eske Etazini Mande PM Ariel Henry Bay Demisyonn?
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:35 0:00

Anbasadris la fè konnen li te rakontre PM Henry nan Guyana nan kad rankont lidè CARICOM yo.

"Nou gen anpil kè sote pou sityasyon an (an Ayiti) kounyea. E nou gen kè sote sou kijan pwosesis politik la ka avanse yon fason ki an sekirite men tou ki apiye bezwen pèp Ayisyen an. Donk nap travay ak Kenyan yo pou pouse pou pi devan ak gwoup sipò miltinasyonal la e nou espere nap kapab aji rapidman."

Foto Achiv: Volker Turk, Wo Komise Nasyonzuni pou Dwa Moun.
Foto Achiv: Volker Turk, Wo Komise Nasyonzuni pou Dwa Moun.

Yon lòt kote, Komise Nasyonzuni pou Dwa Moun nan, Volker Turk mande kominote entènasyonal la pou l aji rapidman pou ede Ayiti.

"Anban rankont konsèy sekirite a jodia mwen te lanse apel ankou pou yo deplwaye an tout ijans Misyon Sekirite Miltinasyonal la pou Ayiti MSS pou apiye polis nasyonal la, tabli sekirite pou pèp Ayisyen an anba kondisyon ki an akò ak standa ak nòrm dwa moun yo. Reyalite a se ke nan konteks aktyèl la pa gen okenn altenativ reyalis pou pwoteje lavi moun. Lè a ap kouri sou nou. "

Turk raple gen plis pase 4,500 prizonye ki chape poul yo pandan evazyon penitansye nasyonal ak penitansye kwadèbouke yo sa ki vin rann sityasyon an pi grav.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Patsy Widakuswara, korespondan VOA nan Depatman Deta Cindy Saine ak korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG