Accessibility links

Breaking News

Kou Siprem Etazini Sanble Pare pou Rejte Tantativ pou Wete Non Trump sou Bilten Vot Eleksyon 2024 la


Manifestan kenbe pannkat yo devan Kou Siprem Etazini an, Jedi 8 Fevriye, 2024 nan Washington.
Manifestan kenbe pannkat yo devan Kou Siprem Etazini an, Jedi 8 Fevriye, 2024 nan Washington.

Kou Siprèm Etazini sanble pare pou l rejte tantativ pou wetire non ansyen Prezidan Donald Trump sou bilten vot pou eleksyon 2024 la.

Yon desizyon definitiv pou kandida Repibliken kap mennen konpetisyon an ta lajman mete fen nan jefò kap fèt nan eta Colorado ak Maine ak kèk lot kote anko pou wetire non Trump sou bilten vot yo.

Apre plis pase 2 zè d tan agiman Jedi, ni jij konsèvatè yo, ni jij liberal yo poze kestyon sou si wi ou non yo ka diskalifye Trump pou l pa vinn prezidan akoz jefò li te mennen pou ranvèse rezilta eleksyon 2020 an.

Ex-Prezidan Donald Trump te bay opinyon li sou pwosesis legal la Jedi.

"Mwen tap koute jodia e m kwè agiman nou te trè puisan. Eske ou ka wetire moun kap mennen kous la tout kote epi di o mwen pap kite w postile. Ou konnen se yon bagay ki difisil pou fe men map kite kou Siprèm nan deside."

Prensipal kè sote jij yo soulve se si wi ou non Kongrè a dwe aji anvan eta yo kapab envoke yon pwovizyon nan konstitisyon an ke yo te adopte apre Gè Sivil la pou anpeche ansyen responsab ki te "patisipe nan revolt" okipe yon pos piblik ankò.

XS
SM
MD
LG