Accessibility links

Breaking News

Tantativ Repibliken yo pou Enkilpe Mayorkas Bwè Luil


Prezidan Chanm Depite Etazini Mike Johnson (Repibliken Lwizyann) pandan yon rankont nan Kongre a, 6 Fevriye 2024.
Prezidan Chanm Depite Etazini Mike Johnson (Repibliken Lwizyann) pandan yon rankont nan Kongre a, 6 Fevriye 2024.

Depite Repibliken Mike Johnson, ki se Prezidan Chanm Depite Etazini, di jounalis yo Madi echek vot pou enkilpe Sekrete Sekirite Nasyonal Alejandro Mayorkas "se yon dezod" men ke Repibliken yo pral enkilpe Mayorikas to ou ta.

Nan sa ki reprezante yon gwo kou pou Repibliken nan Lachanm yo, tantativ pou enkilpe Sekrete Mayorkas epi wetire l nan pos li bwe luil. Repibliken yo te di se yon priyorite wo pwofil yap pousuib men gen kek palmante Repibliken ki te refize vote ak koleg yo pou enkilpe Mayorkas.

Depite Johnson di se pa fot li.

" M pa kwe se yon refleksyon de mwenmenm antanke lide. Se yon refleksyon de palman an ak sityasyon peyi a. Peyi a divize. Se yon tristes. Pavre? Diferans la se ke divizyon ant 2 pati politik yo pi laj pase sa li te janm ye. Gen anpil emosyon. Nap viv yon epok kote moun ap mete mesaj sou rezo sosyal yo 24 he sou 24. Nan pase a Kongre a te konn anpeche moun pibliye anyen. Bagay yo chanje kounyea. Men sa pou n fe nan epok sa a kote gen yon gwo defi ki prezante devan nou se dirije pa prensip e se sa nap fe. Demokrasi konn gen dezod ladann pa fwa, men nou pral acheve travay la.

Te gen anpil bwi nan Chanm depite a apre vot la nan moman kote li te egal ego - 215 pou epi 215 kont. Men a la fen gen 4 Repibliken kideside vote kont enkilpasyon an epi denye bilan an te vinn tounen 214 pou epi 216 kont.

Lide Demokrat Lachanm nan Hakeem Jeffries kritike depite Repibliken yo.

" Kisa enkilpasyon Sekrete Mayorkas gen pou we ak ekonomi an. Anyen. Kisa enkilpasyon Sekrete Mayorkas gen pou we ak lavi che Ozetazini? Anyen. Kisa enkilpasyon Sekrete Mayorkas gen pou we ak ranje sistem imigrasyon an ki pa bon rezoud pwoblem frontye a? Absoliman anyen."

Jeffries di Repibliken yo resevwa lod Donald Trump ou yo pa rezoud pwoblem fwontye yo epi kontinye jwe jwet politik paske yo vle pou koze sa a rete yon gwo kestyon pandan eleksyon Novanm nan. Misye di se byen konte mal kalkile.

" Repibliken yo konprann yo tap pare yon pyej pou Demokrat yo men se yomenm ki pran nan pyej la."

Denye fwa palman an te enkilpe yon manm kabine a sete an 1876 - ki donk sa gen 148 an desa. Nan epok la vot la te vize Sekrete Lage William Bellknap. Misye te demisyonnen yon ti tan anvan yo te vote pou enkilpe li.

Menm si Repibliken yo te jwenn mwayen pou enkilpe Mayorkas, obsevate yo pa atann yo aske Sena a ta apwouve jefo a. Sena a taka senmp man voye koze a bay yon komisyon pou mennen anket sou sa, ki ta ranvwaye yon aksyon imedya.

XS
SM
MD
LG