Accessibility links

Breaking News

Lachanm Depite Etazini Pral Vote Lendi sou Miz an Akizasyon Sekretè Sekirite Nasyonal Mayorkas


Foto Achiv: Sekrete Sekirite Nasyonal la Alejando Mayorkas.
Foto Achiv: Sekrete Sekirite Nasyonal la Alejando Mayorkas.

Depite Lachanm Etazini pral vote Lendi pou deside si yo dwe pouse pou pi devan oubyen bloke tantativ yon depite Repibliken ap fè pou destitye Sekretè Sekirite Nasyonal Alejandro Mayorkas. Depite a akize misye dèske li echwe nan misyon li pou sekirize fwontyè Etazini-Meksik la.

Lachanm sipoze vote a 6h30 aswè a sou mosyon Demokrat yo prezante pou bloke tantativ la.

Atik Destitusyon an, ke Depite Repibliken Marjorie Taylor Greene prezante Jedi pase a, lanse akizasyon pou di Mayorkas, ke Prezidan Demokrat Joe Biden nomen nan pozisyon li, vyole sèman li te prete lè li te monte sou pouvwa a pou l jere pakèt migran kap rive sou fwontyè a.

Mezi a vini nan moman Kongrè a gen mwenske 5 jou pou l pwolonje finansman pou operasyon gouvènman yo oubyen fose leta sispann pasyèlman operasyon li yo, 4èm fwa nan 10 zan.

Marjorie Taylor Greene se yon Repibliken ki reprezante eta Joji nan Kongrè a.

XS
SM
MD
LG