Accessibility links

Breaking News

Biden ap Reflechi sou Nouvo Restriksyon Azil pou Migran yo


Foto Achiv: Migran ki travese rivye Rio Grande a epi antre Etazini soti Meksik, fe la ke devan ajan Sevis Pwoteksyon Fwontye ak La Dwann Etazini, nan Eagle Pass, Texas, 23 Septanm 2023.
Foto Achiv: Migran ki travese rivye Rio Grande a epi antre Etazini soti Meksik, fe la ke devan ajan Sevis Pwoteksyon Fwontye ak La Dwann Etazini, nan Eagle Pass, Texas, 23 Septanm 2023.

Responsab wo plase administrasyon Biden nan ap eseye jwenn yon antant a la dènyè minit pou pran tèt Repibliken nan Sena a pou yo apwouve asistans pou Ikrèn. Repibliken yo mande pou pwojè asistans la gen ladann lajan pou ranfòse pwoteksyon fwontyè Etazini Meksik la.

Sekretè Sekirite Nasyonal la, Alejandro Mayorkas sipoze reprann diskisyon ak negosyatè Sena yo Mèkredi.

Militan kap defann dwa migran yo ak kèk manm pati Demokrat Prezidan Joe Biden gen entansyon pwoteste devan Capitol la, kont sa yo konsidere tankou yon retou a politik imigrasyon Trump yo.

Kongrè a sipoze pati pou vakans fen d ane yo Jedi - sa ki lakoz Biden pa gen anpil tan pou fè yo apwouve demann $110 milya li fè pou Ikrèn, Izrayèl ak lòt bezwen sekirite nasyonal.

Lidè Demokrat Sena a, Chuck Schumer di "se yon bagay ki difisil, trè difisil."

XS
SM
MD
LG