Accessibility links

Breaking News

Trump Ranpòte Primè New Hampshire


Trump Haley
Trump Haley

Ansyen Gouvènè eta Kawolin di Sid Nikki Haley sèmante pou li rete nan kous pou nominasyon li kòm kandida Pati Repibliken an pou prezidan, ayè madi a apre ansyen Prezidan Donald Trump fin genyen eleksyon primè New Hampshire a pou pati a.

Trump pran apeprè 54 pousan vwa, konpare ak 45 pousan pou Haley, lè travayè eleksyon yo te fin konte 56 pousan bilten yo.

Sete 2èm viktwa pou Trump nan 2 kous, apre viktwa li semenn pase a nan kokis Iowa yo, pandan li ap chache rive nan eleksyon jeneral la kote li ka al re-matche ak Prezidan Joe Biden an Novanm.

Haley, ki t ap pale ak sipòtè li yo ayè madi a, te konplimante Trump, kote li di ke msye te travay pou li genyen New Hampshire. Men malgre Trump di kous la fini apre vòt ayè madi a, Haley sèmante pou li kontinye.

Gwo aktivite ki ap vini nan nominasyon eta apre eta a, se Kawolin di Sid ki gen yon istwa kòmkwa se li ki te resisite yon kanpay prezidansyèl apre gwo viktwa Biden nan eta sa a an 2020, apre li te echwe nan vote bonè nan plizyè eta anvan sa.

XS
SM
MD
LG