Accessibility links

Breaking News

Trump Vannen Konpetisyon an nan Eleksyon Primè New Hampshire


Kandida prezidansyel Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump rive nan sal kote li pral pale lanuit eleksyon prime a nan Nashua, eta New Hampshire, 23 Janvye 2024.
Kandida prezidansyel Repibliken ansyen Prezidan Donald Trump rive nan sal kote li pral pale lanuit eleksyon prime a nan Nashua, eta New Hampshire, 23 Janvye 2024.

Donald Trump ranpòte la viktwa alèz alèz nan eleksyon primè eta New Hampshire la.

Misye vannan konpetisyon an nan premye 2 eleksyon pou deside ki kandida ki pral reprezante pati Repibliken an nan eleksyon prezidansyèl Novanm 2024 la.

Viktwa Trump la reprezante yon gwo kou pou rival prensipal li a, ansyen Anbasadris Etazini nan Nasyonzini Nikki Haley.

Maj viktwa Trump la nan eleksyon Madi a ap vinn de plizanpli klè.

Sepandan sa ki evidan pou kounyea se kontwòl li genyen sou pati Repibliken an pa chanje malgre plizyè pwosè legal kriminèl li yo.

Haley desi ak rezilta eleksyon an men li sèmante pou l rete nan kous la. Li deklare "li poko prèt pou l bay le gen".

Trump bo kote pa li vante li de viktwa li te ranpòte nan Iowa ak New Hampshire epi li repete plizyè fwa ke elektè yo pata dwe "vote pou yon moun apre li finn pase yon trè move sware".

XS
SM
MD
LG