Accessibility links

Breaking News

Maine: Jij la Òdone Pou Re-Evalye Desizyon pou Anpeche Trump Gen Non li sou Bilten Vòt la


Election 2024 Trump
Election 2024 Trump

Yon tribinal nan eta Maine pase lòd, ayè mèkredi a, pou prensipal responsab eleksyon an re-evalye yon desizyon pou anpeche ansyen Prezidan Donald Trump gen non li sou bilten eleksyon primè Repibliken an, apre Kou Siprèm Etazini an te bay dizon li sou yon ka preske menm jan an nan eta Colorado.

Jij nan Kou Siprèm eta Maine, Michaela Murphy, jwenn ke desizyon Kou Siprèm Etazini an pou pran ka Colorado a “chanje tout bagay nan lòd ki di ki tribinal ki dwe deside sou kesyon sa yo”.

Jij la òdone Sekretè Deta Maine nan, Shanna Bellows, yon Demokrat, pou li re-evalye desizyon pou anpeche Trump gen non li sou bilten, pa pita ke 30 jou apre Kou Siprèm Etazini an fin deside.

Maine ak Colorado pou kounyea se 2 sèl eta sa yo ki te diskalifye Trump dapre seksyon 3 nan 14èm amandman konstitisyon Etazini an.

XS
SM
MD
LG