Accessibility links

Breaking News

Demokrat yo Akize Kòmkwa se Trump ki Pase Lòd pou Bloke Pwojè-Lwa nan Kongrè a


Trump Columnist Lawsuit
Trump Columnist Lawsuit

Yon antant ki te kenbe Mezon Blanch ak Senatè yo okipe depi dè mwa, ki ta debloke jiska 106 milya dola èd etranje pou Ikrèn, Izrayèl ak Taiwan, pandan administrasyon Biden nan ap sere boulon regleman imigrasyon yo, antant sa a anba menas pou ansyen Prezidan an ta kraze l.

Ak apui elektè ki konsidere imigrasyon kòm pwen ki pi enpòtan nan kous 2024 la, Trump genyen eleksyon primè New Hampshire apre li te fin ranpòte viktwa nan Iowa semen pase.

“Nou di l byen – Imigrasyon se gwo koze, » se konsa Trump te pale nan diskou viktwa-li madi a. Li di, « Nou gen dè milyon ak dè milyon moun ki ap antre nan peyi nou ilegalman. Yo soti nan prizon, e yo soti nan tretman pou pwoblèm mantal, » se sa li ajoute san bay detay sou sa li di yo.

Semenn sa-a, yon gwoup senatè nan tou le 2 pati yo te antann yo sou yon konpwomi ki ta atire anpil sipò pou imigrasyon ak pwogram èd etranje a.

Men menm si li pase nan Sena a, antant la pwal fè fas ak gwo opozisyon bò kote Repibliken liy du yo nan Chanm

Depite a. Demokrat yo akize yo kòmkwa se Trump ki pase yo lòd pou yo bloke pwojè-lwa a.

XS
SM
MD
LG