Accessibility links

Breaking News

Trump fè Lwanj Gouvènè Texas la nan Moman Greg Abbott ap Batay ak Administrasyon Biden nan sou Imigrasyon


Immigration Texas
Immigration Texas

LAS VEGAS (AP) — Ansyen Prezidan Donald Trump fè lwanj pou Gouvènè Texas Greg Abbott poutèt li te defye administrasyon Biden nan sou kesyon imigrasyon.

Texas mete restriksyon sou Gad Fwontalye Ameriken ki ap fè fè Patwouy, ki vle pwoche pou retire fil fè ki file kou razwa, ke li te fè mete pou anpeche migran antre ilegalman nan Etazini.

Trump te vizite Las Vegas, nan efò pou jwenn nominasyon li pou pati Repibliken an.

Li di Texas ta dwe jwenn tout sipò nan mezi li ap pran pou dekouraje migran vini sou fwontyè Etazini ak Meksik la.

Trump te evite pale sou vèdik yo te pran kont li Vandredi nan yon ka difamasyon kote yo mande li peye $83.3 milyon dola pou dedomaje yon dam ke li kalifye kòm mantèz, ki te akize li pou agresyon seksyèl.

XS
SM
MD
LG