Accessibility links

Breaking News

Palmantè Repibliken Risch, McCaul sou Fos Kenyan ki Rive Ayiti: 'Kè Sote Nou Tounen Reyalite'


Foto Achiv: Senatè Repibliken Jim Risch
Foto Achiv: Senatè Repibliken Jim Risch

Senatè Repibliken Jim Risch, ki reprezante eta Idaho nan Sena Etazini epi Depite Repibliken Michael McCaul ki reprezante eta Texas nan Lachanm Depite, eksprime kè sote yo pa rapò ak sityasyon an nan Kenya nan moman peyi a voye polisye an Ayiti.

Palmantè yo pibliye yon deklarasyon ki di: "Kè sote ke Kenya patap gen ase polisye pou jere sekirite a, se youn pami prensipal rezon nou te opoze plan administrasyon Biden nan pou voye polisye Kenyan an Ayiti."

Foto Achiv: Depite Michael McCaul (Repibliken) pale pandan yon rankont Komite Lachanm kap travay sou Zafe Etranje.
Foto Achiv: Depite Michael McCaul (Repibliken) pale pandan yon rankont Komite Lachanm kap travay sou Zafe Etranje.

Palmantè yo kontinye pou di: "Semèn sa a , kè sote sa yo tounen reyalite -menm jou kote 400 polisye Kenyan te rive an Ayiti, manifestan te fose antre nan palman Kenyan an."

Palmantè yo di gouvènman Kenya te oblije mobilize lame a pou fè fas ak manifestasyon sa yo e yo te sèvi ak bal pou repouse moun yo, epi touye plis pase 20 sivil.

Palmantè yo mande administrasyon Biden nan pou l "jwenn yon lot solisyon pou fè fas ak ensekirite Ayiti."

Prezidan Joe Biden pibliye yon deklarasyon Madi 25 Jyen an kote li bat bravo pou arive fos Kenya a nan peyi d Ayiti.

Biden di: "gras ak sipo Etazini, fos Kenyan ki fè pati Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la ap tanmen yon jefò ki pral bay Ayisyen yon soulajman yo bezwen anpil."

Deklarasyon an, ke Lamezonblanch pibliye sou sit ofisyèl li, eksprime gratitid pou peyi ki volontye pou pote kole ak misyon an.

Dapre Lamezonblanch Etazini bay Ayiti plis pase $300 milyon asistans epi yon afè $60 milyon ekipman.

Nan moman kontenjan polis Kenya a ap pare pou l pase a l'aksyon nan Potoprens, ensidan grav pa rapò ak aktivie lapolis Kenya te pibliye nan lapres Madi, apre manifestan te fòse antre nan palman an nan Nairobi. Plizyè douzèn moun te mouri.

Komisyon Dwa Moun Nasyonal Kenya a fè konnen omwens 22 moun mouri e 300 lot blese. Otorite yo arete 50 moun.


Korespondan VOA nan Kongre a, Katherine Gypson, kontribye a repotaj sa a, kek enfomasyon soti nan ajans nouvel Associated Press

XS
SM
MD
LG