Accessibility links

Breaking News

Biden: 'Pèp Ayisyen an Merite Santi yo an Sekirite Lakay yo'


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden, 4 Jyen, 2024.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden, 4 Jyen, 2024.

Prezidan Joe Biden pibliye yon deklarasyon Madi 25 Jyen an kote li bat bravo pou arive fos Kenya a nan peyi d Ayiti.

Biden di: "gras ak sipo Etazini, fos Kenyan ki fè pati Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la ap tanmen yon jefò ki pral bay Ayisyen yon soulajman yo bezwen anpil."

Deklarasyon an, ke Lamezonblanch pibliye sou sit ofisyèl li, eksprime gratitid pou peyi ki volontye pou pote kole ak misyon an.

Biden di: "Mwen felisite - epi mwen trè rekonesan - devan tout peyi ki pwomèt pèsonèl ak sipò finansye pou apiye misyon sa a ki pral genyen evantyèlman 2,500 manm miltinasyonal ke Kenya ap dirije - pami yo gen Benen, Jamayik, Bahamas, Beliz, Barbad, Antigua ak Barbouda, Bangladèch, Aljeri, Kanada, La Frans, Almay, Trindad ak Tobago, La Tiki, Wayom Ini ak Espay."

Misyon sipò sekirite pou Ayiti a pral evantyèlman genyen 2,500 manm ladann.

Dapre Lamezonblanch Etazini bay Ayiti plis pase $300 milyon asistans epi yon afè $60 milyon ekipman.

Deklarasyon Biden nan fini pou di: "Ayiti se yon peyi ekstraodinè e pèp Ayisyen an merite sa moun toupatou merite: sekirite, opotinite ak libète. Lavi Ameriken anrichi gras ak kontribisyon imigran Ayisyen ak sitwayen Ayisyen Ameriken. Lèzetazini te toujou - e pral toujou kontinye dispoze asistans enpotan sekiritè, imanitè ak devlopman ekonomik, e ladann gen sipo fèm administrasyon mwen an pou komès preferansyèl ak Ayiti."

Nan moman kontenjan polis Kenya a ap pare pou l pase a l'aksyon nan Potoprens, ensidan grav pa rapò ak aktivie lapolis Kenya te pibliye nan lapres Madi, apre manifestan te fòse antre nan palman an nan Nairobi. Plizyè douzèn moun te mouri.

Komisyon Dwa Moun Nasyonal Kenya a fè konnen omwens 22 moun mouri.

Direktris komisyon an, Roseline Odede di jounalis yo ke omwens 300 lòt moun te blese epi yo arete 50 moun.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan ajans nouvel Associated Press

XS
SM
MD
LG