Accessibility links

Breaking News

Depatman d Eta: Depa Polisye Kenya pou Ayiti 25 Jyen 'Se Premye Pami Plizyè Etap Enpòtan nan Pwosesis pou Retabli Sekirite an Ayiti'


Foto Achiv: Pot pawol Depatman Deta Matthew Miller reponn kestyon pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 18 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Pot pawol Depatman Deta Matthew Miller reponn kestyon pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 18 Jiye, 2023.

Pòt pawòl Depatman d Eta, Matthew Miller fe kòmante sou depa polisye Kenya pou Ayiti ki fikse pou 25 Jyen:

"Se premye pami plizye etap enpòtan pou retabli sekirite ak pwosperite an Ayiti," Miller di jounalis yo Lendi.

Miller di misyon istorik la ke Ayiti te mande e ke Konsèy Sekirite LONU otorize se "vreman vre yon jefò entènasyonal.

"Nou espere wè amelyorasyon mezirab vizavi sekirite sitou pa rapò ak aksè ak asistans imanitè ak aktivite ekonomik esansyèl. Sa pral ede kreye kondisyon ak sekirite nesesè pou eleksyon lib e onèt ka dewoule nan lavni.

Miller bat bravo tou pou Konsèy Prezidansyel Tranzisyon an pou patenarya li ak Kenya pa rapò ak misyon an.

Li fini pou di: "Kominote entènasyonal la apiye jefò istorik sa a ou apiye Polis Nasyonal Ayiti nan lit yap mennen pou avni Ayiti."

Kenya te volontye nan mwad Jiyè 2023 pou l dirije fòs miltinasyonal ki gen kom misyon pou jere zak vyolans yo kote gang finn pran kontwol 80% kapital la epi komet yon paket asasina, kidnaping ak vyòl.

Deplwaman an te ranvwaye plizyè fwa akoz defi nan tribinal, deteryorasyon sekirite a an Ayiti epi demisyon premye minis Ariel Henry nan mwad Mas la.


Korespondan VOA nan Depatman d Eta, Nike Ching kontribye a repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG