Accessibility links

Breaking News

Kanada Anonse Lap Kontribye yon Lòt $5,7 Milyon pou Apiye Deplwaman Misyon Miltinasyonal pou Ayiti a


Foto Achiv: Minis Afe Etranje Kanada a Melanie Joly pandan yon konferans pou lapres ak Premye Minis Justin Trudeau nan Ottawa, Ontario, Kanada, 22 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Minis Afe Etranje Kanada a Melanie Joly pandan yon konferans pou lapres ak Premye Minis Justin Trudeau nan Ottawa, Ontario, Kanada, 22 Fevriye 2022.

Kanada anonse Mòkredi 26 Jyen an ke li pral kontribye yon lot $5,7 milyon finansman pou apiye deplwaman Misyon Sipo Sekirite Miltinasyonal pou Ayiti a.

Minis Afe Etranje Melanie Joly anonse jodia ke Kanada pral mete lajan an nan Fon Nasyonzuni tabli pou misyon MSS Ayiti a.

$5,7 milyon sa a se yon som an plis de $80,5 milyon Kanada te anonse pou Fon Nasyonzuni an nan mwad Fevriye ane sa a. Lajan sa a prale pou apiye direkteman deplwaman misyon Kenya ap dirije a, dapre sa gouvenman Kanadyen an di.

Kanada fe konnen lap travay tou ak peyi kap kontribye a misyon MSS la pou fe fomasyon pou polisye ke yo pral deplwaye yo epi tabli mekanism pou anpeche abi dwa moun - ansanm ak zak vyolans ak abi seksyel kont fanm ak timoun epitou omoseksyel yo.

Met sou $5,7 milyon li anonse jodia, Kanada te kontribye $12,5 milyon pou apiye 3 pwoje ki gen kom bi pou ranfose PNH la epi amelyore sekirite a pou sitwayen Ayisyen yo.

Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer, kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG