Accessibility links

Breaking News

Premye Kontenjan Polisye Kenya yo Rive Ayiti


Polisye Kenya debake nan ayewopo Toussaint Louverture la nan Potoprens, Madi 25 Jyen, 2024.
Polisye Kenya debake nan ayewopo Toussaint Louverture la nan Potoprens, Madi 25 Jyen, 2024.

Avyon kap transpòte premye kontenjan polisye Kenyan yo rive Pòtoprens Madi maten pou lanse yon misyon ki vize konbat zak vyolans gang yo epi jere ensekirite a. Pandansetan manifestasyon vyolan ap dewoule nan Kenya kote plizyè moun mouri.

Polisye Kenya yo Debake Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:12 0:00

Polisye Kenyan ak inifom sou yo debake nan yon avyon Kenya Airways, zam nan men. Pandansetan polisye yon nan Nairobi te louvri zam sou manifestan ki tap eseye fòse antre nan palman an.

Gen omwens 5 manifestan ki mouri, plizye douzen blese e kèk pati bilding lan pran dife.

Manifestan nan Nairobi pote yon neg ki pran bal pandan yon manifestasyon kont ogmantasyon nan enpo, 25 Jyen 2024.
Manifestan nan Nairobi pote yon neg ki pran bal pandan yon manifestasyon kont ogmantasyon nan enpo, 25 Jyen 2024.

Pi bonè, palmantè Kenyan yo te apwouve yon lwa pou ogmante enpo yo.

An Ayiti, polisye Kenyan yo pral travay pou jere zak vyolans gang yo ki koze yon kriz imanitè. Enstabilite a ogmante anpil nan peyi a depi asasina Prezidan Jovenel Moise an 2021.

Pòt pawòl Sekrete Jeneral Nasyonzuni an pibliye yon deklarasyon ki di: LONU bat bravo pou arive twoup Kenyan yo.

BINUH (Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti) pibliye yon Tweet sou rezo X ki felisite premye kontenjan Kenya a epi di "se yon etap esansyèl nan lit pou retabli sekirite a nan kapital ayisyen nan ak zòn ozalantou yo epi pwoteje dwa Ayisyen."

Korespondan VOA Kreyòl nan Pòtoprens, Matiado Vilme epi Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer, kontribye a repòtaj sa a

XS
SM
MD
LG